Accessibility links

Breaking News

Lafrans: Le Pen Pwomèt Pou l Fè Pati yon Opozisyon "Fèm", "Responsab"


FRANCE2022-POLITICS-ELECTION-RN Marine Le Pen
FRANCE2022-POLITICS-ELECTION-RN Marine Le Pen

Marine Le Pen, youn nan lidè pati ekstrèm dwat Rasanbleman Nasyonal (RN) ranpòte yon gwo viktwa dimanch nan eleksyon lejislatif yo. Li pwomèt pou l fè pati yon opozisyon "fèm", "san konplisite", men "responsab" e "ki gen respè" pou enstitisyon yo.

Gwoup palmantè RN yo ranpòte anpil vwa nan eleksyon yo. Le Pen, ki pran lapawòl devan plizyè patizan, fè konnen li kontan rezilta vòt la anpil anpil. An menm tan tou, lidè Rasanbleman Nasyonal la genyen reyeleksyon li kòm depite.

XS
SM
MD
LG