Accessibility links

Breaking News

Frans-Eleksyon: Macron Pèdi Majorite a nan Asanble Nasyonal la


UKRAINE-CRISIS/MACRON-ROMANIA
UKRAINE-CRISIS/MACRON-ROMANIA

Apre Franse yo te deside bay Emmanuel Macron yon 2èm manda 5 kan nan mwa avril la, yo vote dimanch pou yo anpeche l jwenn yon majorite nan Asanble Nasyonal la.

Pwojeksyon yo montre kowalisyon prezidansyèl la lwen ranpòte 289 syèj ki nesesè pou li jwenn yon majorite absoli.

Emmanuel Rivière, direktè syans politik nan Enstiti Kantar, deklare: "Fransè yo jwenn kolektivman sa yo t ap chache a. Dènye sondaj yo te montre, an reyalite, yo pa t dispoze bay Emmanuel Macron yon majorite absoli nan Asanble Nasyonal la."

Dapre Jean-Daniel Lévy, direktè jeneral Harris Interractive, "Elektè yo voye yon mesaj klè bay chèf deta a... An jeneral, plizyè sitwayen ki al jete bilten yo gen santiman ke prezidan an pa tande apèl, ni doleyans pèsonn."

XS
SM
MD
LG