Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon nan Peyi Ekwatè Kont Lavi Chè


Protest in equator
Protest in equator

Kriz politik nan peyi Ekwatè pandan pep la ap manifeste kont lavi chè.

Depi plis ke 4 jou sa yo rele mouvman pwotestasyon endijèn ki reyini plizyè etidyan, manm sektè transpò ap bloke wout nan Kito e nan anviwon 15 nan 24 pwovens peyi-a.

Pép la ap manifeste kont la vi chè ak pri gaz-la ki monte 17wotè.

Guillermo Lasso fè konnen li pare pou dyaloge pou jwen yon solisyon nan tet ansanm devan kriz la .

Prezidan deklare "Nou dwe chita bò yon tab la e chèche solisyon yo ansanm . Dyalog se pi bon solisyon an."

Devan deteryorasyon kriz politik la ak pèp la k ap denonse move kondisyon la vi a, pouvwa an plas la mize sou negosyasyon.

"Nou ensiste sou volonte pounn fe dyalog . Plizyè òganizasyon pwopoze pou jwe wòl medyatè tan kou legliz, Nasyon Zini , ak inivèsite yo…yo tout byenveni."

Pandansetan manifestasyon ap kontinye e pèp la ap move chak jou pi plis e yo menm vle pase nan yon lòt nivo vyolans .

Prezidan Lasso , piblikman, di pa gen sa pyès :

"Nou pare pou anpeche manifestasyon yo vin pi vyolan e n ap itilize lafòs nan kad lalwa."

Se Konfederasyon nasyonalite endijèn Ekwatè , ki se pi gwo òganizasyon pèp endijèn yo ki lanse mouvman pwotestasyon sa a depi lendi e ki ap mande prensipalman pou pri gaz la bese .

Men sitiyasyon an rete konplike malgre apel o dyalog prezidan Guillermo Lasso lanse a.

XS
SM
MD
LG