Accessibility links

Breaking News

Komisyon Atak 6 Janvye : Antre Pi Fon Nan Ankèt La


USA-TRUMP/FINALE
USA-TRUMP/FINALE

Komisyon pou atak 6 Janvye sou Capitol Etazini an antre pi fon nan ankèt sou efò Donald Trump nan dènye minit pou chavire eleksyon 2020 an.

Temwayaj ki fèt jedi moutre ke menm moun ki te manm ekip travay Trump ak alye li te ba li yon pinga kont plan pou fè Vis-prezidan Mike Pence rejte rezilta eleksyon an anvan Kongrè sètifye li. Gen nouvo prèv ki detaye kouman dechoukè te anvayi Capitol la, jou sa a e te rive nan distans 40 pye ak kote Pence ak ekip li te pran refij, e yo ensiste sou danje kote Trump te mete vis-prezidan an.

Temwen ki te pale jedi nan yon sesyon komisyon 6 Janvye a ki te gen patisipasyon 2 pati yo nan Kongrè a ansanm ak avoka ki ap defann Mike Pence, te detaye yon estrateji ke pwofesè dwa, konsèvatè John Eastman, te bay Trump pou li antreprann, pou fè Pence refize sètifye viktwa Joe Biden nan eleksyon an.

XS
SM
MD
LG