Accessibility links

Breaking News

Dosye Zam: Pwopozisyon Lwa ki Jwenn Sipò 2 Pati Ameriken Yo Ale Devan Sena a


Texas School Shooting Congress
Texas School Shooting Congress

Palmantè ameriken yo ka soumèt yon pwopozisyon-lwa ke manm 2 pati politik yo prepare devan Sena a vè finisman semèn sa a, se sa Lidè Majorite nan Sena a Chuck Schumer di jounalis yo madi a.

Sa gen sèlman kèk semèn, anpil moun pa te kwè sa posib, men Demokrat yo ak yon bon valè Repibliken te di ke nou ta dwe eseye," se pawòl Schumer.

Demokrat yo ak 10 Repibliken te antann yo nan wikenn pase a sou yon kad travay pou yon pwojè ki, si li pase, ap finanse sekirite nan lekòl yo ak sèvis sante mantal, pandan li ta motive eta yo pou yo aplike anpil kote lwa pou lonje dwèt sou moun ki sanble reprezante danje nan sosyete a.

Lidè Minorite nan Sena a Mitch McConnell te di Madi a ke si tèks pwojè-lwa a reflete kad travay la, l ap santi l alèz pou vote wi pou nouvo lwa sa yo.

Efò sa a vini apre tire masif ki te touye dè douzèn Ameriken - anpil nan yo jènn timoun - ak zam ke asayan yo te achte legalman, zam pou tire nan lagè.

XS
SM
MD
LG