Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Fè Premye Vizit Prezidansyèl Li nan Mwayen Oryan an


U.S. President Biden returns to the White House in Washington
U.S. President Biden returns to the White House in Washington

Lamezonblanch - Prezidan Joe Biden pral fè anvan lontan premye vwayaj li nan rejyon Mwayen Oryan an kote li gen pou l vizite Izrayèl, Si-Jòdani ak Arabi Sawoudit, dapre sa Lamezonblancnh anonse madi. Analis yo fè konnen se yon vwayaj ki kapab fe avanse pwosesis delika nòmalizasyon relasyon ant Izrayèl avek peyi vwazen l yo nan yon rejyon kote sitiyasyon an konplike e ki gen yon gwo enpòtans estratejik pou Washington.

Deplasman sa a, k ap dire 4 jou, pral kòmanse ann Izrayèl kote Biden gen pou l rankontre ak lidè Eta ebre a. Li pral fè chita-tande tou nan Si-Jòdani ak otorite palestinyen yo, pou li ofri yo apui li pou yon solisyon ki prevwa ekzistans 2 eta ant pati konsène yo.

Lè lidè ameriken an va kite Izrayèl, li prale nan Jaddah, yon vil nan Arabi Sawoudit ki gen repitasyon kòm yon vil kote ou jwenn 2 nan lye ki pi sen pou mond islamik la, Lamèk ak Medina. Izrayèl ak Arabi Sawoudit pa gen relasyon diplomatik e se va premye vòl avyon dirèk yon Prezidan ameriken pral pran ant Izrayèl ak yon Eta arab ki pa rekonèt peyi a depi ansyen Prezidan Donald Trump te fè yon vwayaj istotik ant Riyad ak Tel Aviv an 2017.

XS
SM
MD
LG