Accessibility links

Breaking News

Prezidan Joe Biden di L ap Rebati Ekonomi Etazini an


Biden

Prezidan Joe Biden pale ak pi gran federasyon sendika nan peyi a pou di l ap rebati ekonomi Etazini an ansanm ak travayè yo.

Biden di, "Nou dwe ankouraje sendika." Diskou li a, madi, nan konvansyon federasyon sendika AFL-CIO nan Filadelfi sete yon efò pou rekoumanse deba sou ekonomi an a zewo. Popilarite prezidan an glise desann pandan pri machandiz konsomasyon ak gazolin moute disèt wotè. Sityasyon sa a fè moun pa tèlman remake pakèt djòb ke ekonomi an pwodui ansanm ak nivo chomaj la ki anfòm.

Biden di Repibliken yo santre atansyon yo sou redui taks pou konpayi yo ak moun rich yo. Repibliken yo di refòm ke yo te fè nan sistèm taks la an 2017 te ede nan kwasans ekonomi an lè li te redui taks pou biznis yo, sa ki te fè konpayi ameriken fè pi bèl figi nan konpetisyon.

XS
SM
MD
LG