Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Etazini Ekspilse yo Bay Biznis Charter pou Amerik Latin nan Jarèt


Anplwaye yon ajans vwayaj ki rele New Stilo ede 2 kliyan nan Santiago de Chile, 25 Mas, 2022.
Anplwaye yon ajans vwayaj ki rele New Stilo ede 2 kliyan nan Santiago de Chile, 25 Mas, 2022.

Plizyè milye Ayisyen monte abò vòl charter pou al nan Amerik di Sid, dapre enfomasyon yon gwoup ki trake vòl sa yo ke Associated Press verifye an kolaborasyon ak Inivèsite Kalifòni, Berkley.

AP ak Berkley kole tèt absanm pou gade de pre enfrastrikti migrasyon Ayisyen nan Amerik Latinn nan kote moun ap rive sou frontyè Etazini pataje ak Meksik la pi plis chak jou nan moman kondisyon lavi ann Ayiti ap deteryore.

Jounalis yo jwenn yon endistri anbachal kap pran jarèt malgre pa gen anpil moun ki o kouran de li, e ki eksplwate desizyon Etazini pran pou'l voye moun tounen ann Ayiti malgre peyi a ap fè fas ak yon nivo ensekirite ki bay gwo kè sote.

Ayisyen reprezante yon kliyantèl ki pèmèt non sèlman antrepriz ilegal yo ak kontrebandye yo fè yon pakèt lajan, men tou biznis legal yo tankou ajans vwayaj ak konpayi ayeryèn ki pa koute chè yo.

XS
SM
MD
LG