Accessibility links

Breaking News

Tenis: Jwè Ris Yo ak Belarisyen Yo Ap Patisipe nan US Open


Wimbledon Russians Banned Tennis
Wimbledon Russians Banned Tennis

Jwè Ris ak Belarisyen, yo ke yo te eskli nan chanpyona Wimbledon, ap jwen opotinite pou yo patisipe nan chanpyona tenis US Open 2022 a.

Federasyon Tenis Ameriken an, òganizatè Grand Slam sa a, te anonse nan Madi ke yo dakò pou yo patisipe nan chanpyona a, men yo ap kapab prezante ak anba yon drapo net, yo pap ka reprezante peyi yo.

USTA, ki "kontinye ap kondane envazyon Ris yo nan Ikrèn", te deside kite jwè Ris yo ak Belarisyen patisipe nan chanpyona a anba yon drapo ki net lè yo ap jwe nan konpetisyon kote yo ap reprezante ekip entènasyonal yo.

Kidonk USTA yo pa imite òganizatè Wimbledon, ki te ekskli jwè Ris yo ak Belarisyen yo nan tounwa ki te fèt la.

XS
SM
MD
LG