Accessibility links

Breaking News
Azi

Amnesty International Akize Larisi dèske Li Komèt Krimdegè


FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin delivers a video address in Moscow
FILE PHOTO: Russian President Vladimir Putin delivers a video address in Moscow

nan Kharkiv, nan Ikrèn, kote Li Touye Plizyè Santèn Sivil Kyèv, Ikrèn - Amnesty International akize Larisi lendi dèske li komèt krimdegè nan Ikrèn. Daprè gwoup defans dwamoun nan, atak sòlda ris yo lanse nan Kharkiv –kote yo te itilize souvan bonm cluster- touye plizyè santèn sivil. Nan yon rapò gwoup la pibliye sou sitiyasyon an nan 2èm pi gwo vil ikrenyèn nan, li fè konnen:

“Bonbadman Larisi te fè je femen plizyè fwa san rete sou katye rezidansyèl yo nan Kharkiv touye e blese plizyè santèn sivil e zak konsa reprezante krimdegè.”

Rapò a ajoute:

“Se menm bagay la tou pou ni atak ki fèt ak minisyon “cluster”, ni sila yo ki fèt ak lòt kalite rocket ak obi atiyri non-gide.”

Amnesty International fini pa di:

“Itilizasyon zam eksplozif konsa ki pa gen presizyon nan mitan yon popilasyon sivil, lè moun konnen tre byen yo pral koze yon gwo katite viktim pami sivil yo, kapab menm reprezante atak kont popilasyon sivil la.”

XS
SM
MD
LG