Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy: Sòlda Ikrenyen ak Ris ap Goumen pou “Chak Mèt kare” nan Vil Sievierodonetsk


Zelenskyy
Zelenskyy

Yon otorite nan Ikrèn fè konnen sòlda ris yo pouse militè Ikrenyen yo jiskaske yo rive nan sant vil Sievierodonetsk, nan pati lès peyi Ikrèn, e yo kontinye vide kout mòtye sou yon izin chimik kote ou jwenn plizyè santèn sòlda ak sivil.

Gouvènè rejyon an, Serhiy Haidai, ki t ap fè kòmantè sou sitiyasyon an sou Telegram lendi, fè konnen sòlda ris yo kontwole 70% vil la e yo fòse militè ikrenyen yo kite sant vil la. Haidai ajoute izin chimik Azòt la, kote plizyè santèn sivil al pran refij, ap resevwa gwo bonbadman.

Dapre gouvene a toujou, anviwon 500 sivil twouve yo anba tinèl izin nan tandiske lame Ikrèn nan ap eseye transpòte yo nan yon zòn ki gen sekirite. Larisi di tout pon ki mennen nan vil la kraze nèt. Bò kote pa yo, otorite ikrenyen yo fè konnen gen yon lòt mwayen toujou pou moun kite vil la, men se yon wout ki domaje anpil-anpil.

Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, deklare fòs militè l yo ak lennmi ris ap goumen pratikman pou chak “mèt kare” nan Sievierodonetsk, tandiske li lanse apèl bay patnè entènasyonal yo pou di yo Ikrèn “bezwen sistèm misil defans modèn.”

XS
SM
MD
LG