Accessibility links

Breaking News

Yon 7èm Manm Delegasyon Olenpik Espesyal Ayiti Disparèt


Missing Adult
Missing Adult

Yon setyèm manm Delegasyon Olenpik Espesyal Ayiti pou je Olenpik Espesyal 2022 yo disparèt pandan li tap vizite sant Florid.

Biwo Cherif Osceola a di ke dènye fwa yo te wè Louis Jacques Wilguens se lè li te desann yon otobis nan pak amizman Walt Disney a yon jou anvan li te sipoze tounen ann Ayiti.

Depi lè sa a yo pa janm wè Wilguens ki gen 25 an.

6 lòt manm delegasyon ayisyen an te disparèt semèn pase a. Biwo cherif la di ke yo pa sispèk ke mesye yo an danje.

Dapre sa otorite yo fè konnen, Wilguens te sipoze retounen nan peyi d' Ayiti dimanch 12 jen an.

XS
SM
MD
LG