Accessibility links

Breaking News

Justin Bieber Revele yon Maladi Ra ki Lakoz Mwatye Figi li Paralize


Foto Achiv: Justin Bieber nan gala charite mize Metwopoliten Ar la nan Nouyok, 13 Sept. 2021.
Foto Achiv: Justin Bieber nan gala charite mize Metwopoliten Ar la nan Nouyok, 13 Sept. 2021.

Justin Bieber deklare yon maladi ra lakoz mwatye figi li paralize e se poutèt sa li te oblije anile vire won mondyal li a.

Loreya pri Grammy a esplike nan yon videyo li pibliye sou kont ofisyèl Instagram li an Vandredi ke lap souvri ak yon maladi ki rele Ramsay Hunt syndrome.

Sendwom sa a koze paralizi nan figi moun e li afekte nè ki nan figi moun atravè maladi ki rele shingles la, ki se yon espèz varyol.

Mesaj Bieber la vini apre li te anile konsè li te anvizaje bay nan Toronto ak Washington. Megavedèt la montre nan videyo li mete sou Instagram nan kijan figi li paralize e li dekri maladi a kom "ase grav".

Bieber di li pa konnen konbyen tan sa pral pran pou'l geri. Li te gen yon atitid pozitif pa rapo ak gerizon li nan lavni, apre li finn repoze konplètman epi suiv terapi.

XS
SM
MD
LG