Accessibility links

Breaking News

Marcelo di Real Madrid Orevwa


France Soccer Champions League Final
France Soccer Champions League Final

Lèl gòch ekip Real Madrid la Marcelo ki gen 34 an te fè yon "adieu " ki trè emosyonèl Madi, apre li te pase 15ane edmi nan klib la.

Marcelo te rive nan klib Madrid nan fen ane 2006, Lè sa a, li te gen laj 18 an, e li te vin tounen youn nan jwè ki gen plis siksè nan istwa klib la. "Mezon Blanch lan" se youn nan jwè ki gen plis tit (25 trofe).

Direksyon Real la deside pa pwolonje kontra brezilyen an, apre li te gen yon sezon konplike, kote li te sèlman jwe 5 fwa nan La Liga epi li pa t jwe nan final Lig chanpyon an 28 me nan Stade de France kont Liverpool ke ekip la te ranpòte 1-0.

Nan yon seremoni pou selebre vitwa ekip la, Marcelo te gen dlo nan je li , lot ko-ekipye li yo te leve l anlè apre yo te fin genyen Lig chanpyon an.

"Lè mwen te siyen pou Madrid, mwen te panse mwen te kapab rive nan tèt ekip la, e mwen vin tounen jwè ki gen plis tit ak siksè nan istwa klib la". Marcelo genyen 25 trofe avek Mayo Merengue a .(5 Lig chanpyon, 6 tit chanpyon Panyòl, 2 koup wa, 4 fwa koup du mond klub, 5 super koup espayòl, 3 super koup Ewopeyen).

XS
SM
MD
LG