Accessibility links

Breaking News

Rebèl ki Apiye Moskou Kondane a Mò 2 Sitwayen Grand Bretay ak yon Sitwayen Mawòk


UKRAINE-CRISIS/CAPTURED-FIGHTERS-KYIV
UKRAINE-CRISIS/CAPTURED-FIGHTERS-KYIV

Rebèl ki anfavè Moskou kondane a mò 3 gason etranje nan lès Ikrèn ki, dapre sa yo di, te batay pou fòs Ikrèn yo.

2 sitwayen Grand Bretay ak yon moun peyi Mawòk jwenn kondanasyon nan yon tribinal ke kominote entènasyonal la pa rekonèt nan teritwa ki pwoklame tèt li Repiblik Popilè Donetsk poutèt yo te batay pou Ikrèn e poutèt yo te mèsenè e konsa yo pa gen pwoteksyon tradisyonèl ki kouvri prizonye lagè.

Ajans nouvèl leta LaRisi, RIA Novosti, idantifye 3 mesye yo kòm Aiden Aslin, Shaun Pinner ak Saaudun Brahim. Pinner ak Aslin te rann tèt yo bay fòs anfavè LaRisi yo nan vil Mariupol nan sid peyi a nan mitan mwa Avril, e Brahim te fè sa nan mitan mwa Mas nan vil Volnovakha nan lès Ikrèn.

3 mesye yo gen yon mwa pou yo pote desizyon tribinal la ann apèl oubyen fè fas ak yon ploton ekzekisyon.

XS
SM
MD
LG