Accessibility links

Breaking News

Sievierodonetsk: Twoup Ikrèn Oblije Rale Bak


Russia's attack on Ukraine continues, in Luhansk region
Russia's attack on Ukraine continues, in Luhansk region

Chans pou Ikrèn defann Sievierodonetsk vin pi mal ayè mèkredi a, kote twoup li yo te oblije rale bak pou rete andeyò vil endistriyèl la nan lès peyi a devan yon atak vyolan LaRisi.

Sa gen kèk jou, fòs Ikrèn yo te lanse yon kont-ofansiv kote yo te repran mwatye nan vil la, men Gouvènè rejyonal Luhansk lan, Serhiy Haidai te di medya RBC-Ikrèn nan ke lè LaRisi te koumanse plati vil la ak kout kanno e ak frap aeryen, sa pat fè okenn sans pou yo rete.

"Fòs nou yo repran kontwòl sèlman andeyò vil la," se sa Haidai di. Li ajoute, "Men batay ap kontinye, fòs nou yo ap defann Sievierodonetsk, li difisil pou di ke Ris yo kontwole tout vil la.

Li rekonèt ke bagay yo difisil pou fòs Kyèv yo, kote li di ajans nouvèl Associated Press, "Tout sa lame ris genyen - pyès kanno, mòtye, tank, avyasyon - yo sèvi ak tou sa nan Sievierodonetsk pou yo ka efase vil la sou tè a e pran li nèt." Se Gouvènè Haidai ki pale konsa.

XS
SM
MD
LG