Accessibility links

Breaking News

Kòt d'Ivwa: Otorite yo fè 30 Arestasyon Apre yo Sezi 2 Tòn Kokayin


Le procureur Richard-Christophe Adou, à Abidjan, en Côte d'Ivoire, le 10 octobre 2017.
Le procureur Richard-Christophe Adou, à Abidjan, en Côte d'Ivoire, le 10 octobre 2017.

Yo te arete 30 moun nan peyi Kòt d'Ivwa depi nan mitan mwa avril la epi yo te sezi plis pase 2 tòn kokayin nan vil San Pedro nan pò Abidjan an dapre sa avoka leta Richard Adou te di nan Jedi.

Mesye Adou te di AFP, nan yon konferans pou laprès pral fèt : "Te gen anviwon 30 moun ki te jwenn arestasyon. Sa a se yon ankèt entènasyonal, li enplike peyi Amerik di Sid, Lafrik, Ewòp".

Nan jou ki sot pase yo, laprès Ivwaryen te mansyone plizyè biznisman divès nasyonalite.

Nan dat 15 ak 21 avril, lapolis te sezi 2,059 tòn kokayin nan vil Abidjan ak San Pedro (sidwès), sa se yon rekò nan peyi a. Valè sou mache a pou tòn kokayin yo sezi yo estime a 41 milya fran CFA (prèske 62 milyon ero).

Otorite yo pa espesifye orijin ak destinasyon machandiz kokayin lan, men Kòt Divwa te vin nan dènye ane yo youn nan peyi ke yo itilize pou transpòte kokayin ant Amerik Latin ak Ewòp.

An 2021, jandam yo te mete men yo sou 1.56 tòn kokayin ki soti nan Amerik Latin .

Yon ane anvan, yo te sezi plis pase 400 kg kokayin nan dlo teritoryal Ivoryen an, sou yon bato komèsan, ki te soti Brezil.

XS
SM
MD
LG