Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid ak Etazini fè Yon Demonstrasyon Fòs Militè


In this photo provided by South Korea Defense Ministry, US and South Korean fighter jets fly in formation during a joint drill, June, 7, 2022.
In this photo provided by South Korea Defense Ministry, US and South Korean fighter jets fly in formation during a joint drill, June, 7, 2022.

Kore di Sid ak Etazini fè jodi madi 7 Jen an yon ekzèsis pou moutre fòs avyasyon yo ak patisipasyon 20 avyon djèt konba, se dènye demonstrasyon fòs militè alye sa yo pandan gen siy ke Kore di Nò ka lanse yon tès nikleyè.

Ekzèsis la, ki fèt nan lanmè sou kot wès Kore di Sid, sete kòm repons pou Kore di Nò ki te lanse 8 misil balistik dimanch la, bagay li pat janm fè anvan, dapre yon deklarasyon ki te soti nan Ministè Defans Nasyonal Kore di Sid.

Lame Kore di Sid pibliye foto ki moutre plizyè avyon k ap vole e fòme yon triyang. Ekzèsis la te gen 16 djèt konba sid-koreyen - pami yo F-35A ak KF-16 - ak 4 avyon konba F-16 ki soti nan avyasyon militè Etazini, dapre Seoul.

Kore di Nò te lanse, dimanch la, 8 misil ki pa tire lwen nan lanmè pandan 35 minit, dapre lame Kore di Sid la. Sa fè 18 seri lansman misil Kore di Nò pou ane a.

Lendi, Etazini ak Kore di Sid te reponn kote yo lanse 8 misil pa yo nan oseyan an.

XS
SM
MD
LG