Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: "Apeprè 800 Sivil" Pran Refij nan yon Faktori nan Severodonetsk


FILE - Residents of Sievierodonetsk, Lugansk Oblast, wait hidden in their basement during the heavy shelling by Russian forces and Russia-backed separatists, Feb. 28, 2022.
FILE - Residents of Sievierodonetsk, Lugansk Oblast, wait hidden in their basement during the heavy shelling by Russian forces and Russia-backed separatists, Feb. 28, 2022.

Anviwon 800 sivil al pran refij nan yon izin chimik nan Severodonetsk, ki sitiye nan lès peyi Ikrèn, yon rejyon kote bagay yo mangonmen ant lame Ikrenyen ak lame Ris la depi plizyè jou.

"Apeprè 800 sivil te al abrite nan yon izin chimik Azot. Pami 800 sivil sa yo genyen anviwon 200 ladan yo ki se te anpwaye faktori a ak anviwon 600 moun ki soti nan Severodonetsk".

Dapre yon kominike ki te pibliye pou laprès sou sit entènèt Group DF, 200 anplwaye yo toujou prezan nan faktori a pou yo kapab asire pwoteksyon pwodui chimik ki trè eksplozif yo ki toujou andedan an."

Faktori Azot la sitiye nan Severodonetsk, yon vil kle nan rejyon Lugansk, kote twoup Ris yo te eseye pran tout kontwòl pandan plizyè semèn.

Moskou te di madi maten ke li te "konplètman libere" zòn rezidansyèl yo, apre prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te asire Lendi ke konbatan Ikrenyen yo te toujou "kenbe" pozisyon yo.

XS
SM
MD
LG