Accessibility links

Breaking News

Yon otorite nan Louhansk Deklare Sòlda Ikrenyen yo Ap Pèdi Teren nan Sievierodonetsk


FILE - Ukrainian servicemen walk past a building heavily damaged in a Russian bombing in Bakhmut, eastern Ukraine, eastern Ukraine, May 28, 2022.
FILE - Ukrainian servicemen walk past a building heavily damaged in a Russian bombing in Bakhmut, eastern Ukraine, eastern Ukraine, May 28, 2022.

Apre plizyè jou kote sòlda ikrenyen yo t ap fè pwogrè nan konba pou kontwòl vil Sievierosonetsk, yo rekile epi pèdi teren devan militè ris yo, daprè sa gouvènè rejyon an, Serhiy Haidai, deklare lendi. Li ajoute:

“Sòlda nou yo reyisi lanse yon kontratak pandan yon sèten tan; yo libere prèske mwatye vil la. Sepandan pou kounyela a sitiyasyon an vin yon ti kras pi grav ankò pou nou.”

Nan menm jounen lendi a, ministè defans britanik la rapòte kèk konba fewòs t ap dewoule nan Sievierodonetsk. Nan dimanch, prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, te kite Kyèv pou l te fè yon vizit ra nan pati lès Ikrèn kote li rankontre ak sòlda yo epi refijye yo. Li fè plizyè eskal –pami yo youn nan vil Ysychansk, tou prè Sievierodonetsk. Nan yon video ki parèt menm jou dimanch la, Zelenskyy di sòlda yo:

“Sa nou tout isit la merite se laviktwa –se bagay ki pi enpòtan an. Men, se pa a nenpòt ki kondisyon.”

Lendi, lidè ikrenyen an anonse Premye Minis britanik la, Boris Johnson, ba li konfimasyon ke peyi li pral voye bay Ikrèn “yon pakè materyèl defans sofistike”, e yo 2 a pale de mwayen pou debloke pò ikrenyen yo epi evite yon kriz manje.

Lendi, La Grand Bretay anonse l ap fè Ikrèn jwenn yon sistèm lansman rocket miltip ki kapab atenn sib sou yon distans 80 kilomèt. Johnson fini pa di:

“Nou pa kapab rete ap gade, alòske atiyri long pote Larisi ap plati vil epi touye sivil inosan nan Ikrèn.”

XS
SM
MD
LG