Accessibility links

Breaking News

Sòlda Ris yo Arete Prèske 600 Ikrenyen nan Kherson


FILE - A Russian serviceman patrols a street in Kherson, amid Russia's ongoing invasion of Ukraine. May 20, 2022.
FILE - A Russian serviceman patrols a street in Kherson, amid Russia's ongoing invasion of Ukraine. May 20, 2022.

Otorite Ikrèn yo te denonse Madi arestasyon lame Ris la fè kote yo mete nan prizon prèske 600 moun, pami moun sa yo gen jounalis ak aktivis pro-kyiv.

Tamila Tacheva, reprezantan prezidan an Ikrenyen an pou Crime te deklare "Dapre enfòmasyon nou jwenn, anviwon 600 moun jwenn arestason espesyalman nan rejyon Kherson".

Yo se "sitou jounalis ak aktivis" ki te òganize "rasanbleman pwo-Ikrenyen nan Kherson ".

"Dapre enfòmasyon nou yo, yo te kenbe yo nan kondisyon iniman epi yo viktim toupizi."

Gen kèk nan Ikrenyen yo te arete nan rejyon Kherson - ki se sivil men tou prizonye lagè - ke yo voye nan prizon nan Crime, dapre menm sous la.

XS
SM
MD
LG