Accessibility links

Breaking News
Azi

Nouvèl Zeland Ankouraje Etazini Angaje l Plis avèk Peyi ki nan Pasifik la


Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Nouvel Zeland Jacinda Ardern nan biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me 2022.
Prezidan Joe Biden rankontre Premye Minis Nouvel Zeland Jacinda Ardern nan biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me 2022.

Prezidan Joe Biden, ki t ap rankontre madi ak Premye Minis Nouvèl Zeland la, Jacinda Ardern, mande li kèk konsèy apre dènye fiziyad an dat ki touye yon bann moun Ozetazini; sepandan Lamezonblanch rekonèt tou limitasyon li genyen pou l mete kontwòl sou zam, yon sitiyasyon pi pwòch alye Lèzetazini yo pa p konfwonte.

Pandan Biden t ap rankontre ak Ardern nan Salon Oval la, li fè referans ak masak kote 51 moun te mouri nan Legliz Christchurch, nan Nouvèl Zeland, nan lane 2019, nan yon fiziyad ki te vize Mizilman yo. Ensidan sa a, ki te fè anpil san koule, te pouse otorite yo entèdi sivil sèvi ak zam lame itilize epi yo te lanse yon pwogram efikas kote leta achte zam nan men sivil yo.

Prezidan Biden di Premye Minis Ardern: “Nou bezwen konsèy ou.”

Lidè ameriken an t ap refere l ak komite ki nan tèt sa ki rele “Patnèchip Amerikano-Neo-Zelandè a”, men espesyalman ak sa li rele yon “efò mondyal pou kontrekare vyolans ak zak ektremis k ap fèt sou entènèt la.” Anfen li ajoute:

“Mwen vle travay avèk ou sou efò nou dwe fè pou n jwenn solisyon.”

XS
SM
MD
LG