Accessibility links

Breaking News

Nouvo P. M. Ostrali a Apiye Lèzetazini, Kritike Lachin


President Joe Biden, right, shakes hands with Australian Prime Minister Anthony Albanese during the Quad leaders summit meeting at Kantei Palace, May 24, 2022, in Tokyo.
President Joe Biden, right, shakes hands with Australian Prime Minister Anthony Albanese during the Quad leaders summit meeting at Kantei Palace, May 24, 2022, in Tokyo.

Nouvo chèf gouènman Ostrali a, Anthony Albanese, deklare madi li dispoze kontrekare enfliyans Lachin nan rejyon Endo-Pasifik la –yon deklarasyon ki sanble repouse opinyon pozitif Peken eksprime apre eleksyon Albanese nan tèt pouvwa ostralyen an, an menm tan ke sa demontre yon dispozisyon pou peyi li rapwoche l bò Lèzetazini.

Nouvo P. M. ostralyen an, ki t ap pale nan koulis rankont lidè Quad la –ki reyini yon fason enfòmèl Lèzetazini, Japon, Lend ak Ostrali- di:

“Se nou ki pral detèmine pwòp valè ak prensip nou. Se nou ki pral deside ki direksyon ki bon pou avni Ostrali. Se Lachin ki chanje, se pa Ostrali.”

Albanese ajoute li resevwa yon nòt ofisyèl kote Premye Minis chinwa a, Li Keqiang, fè l konpliman; men li poko pale ak Peken depi li te ranpòte eleksyon an sa gen 3 jou. Nan menm jounen madi a, Lamezonblanch pibliye yon deklarasyon ki di Prezidan Joe Biden “afime yon fwa ankò apui total li pou alyans ki egziste ant Lèzetazini ak Ostrali, menm jan li apiye angajman li pou l ranfòse alyans la.”

XS
SM
MD
LG