Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pral Voye “Sistèm Rocket Sofistike” bay Ikrèn


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me, 2022.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, fè konnen mèkredi Lèzetazini ap fè Ikrèn jwenn yon nouvo pakè asistans pou 700 milyon dola k ap gen ladan l “plis sistèm rocket avanse avèk minisyon”, nan moman envazyon Larisi a antre nan 4èm mwa li; sepandan otorite yo nan Lamezonblanch deklare Ikrèn pran angajman pou l pa tire zam sa yo sou objektif ki sou tèritwa ris la.

Nan yon deklarasyon Biden fè mekredi, li di:

“Nouvo pakè èd sa a pral bay bay Ikrenyen yo zam ki gen nouvo kapasite e ki sofistike –pami yo geny HIMARS (swa yon sistèm lans-rocket) avèk minisyon ki sèvi sou chandbatay pou yo ka defann tèritwa yo kont lame ris la. Nou pral kontinye pran tèt mond la nan efò pou fè Ikrèn jwenn yon asistans istorik pou l lite pou libète li.”

Desizyon pou voye plis zam modèn bay Ikrèn nan vini apre Administrasyon Biden nan te pase yon tan ap ezite sou kesyon an. Pakè èd sa a gen ladan l rocket a pote mwayen ki ka kouvri yon distans 70 kilomèt.

Nan yon ribrik kote lektè yo bay opinyon yo nan jounal The New York Times, Biden ekri pou l di Lèzetazini ap ede Ikrèn avèk zam epi minisyon yon fason pou bay peyi sa a plis pwa sou chandbatay yo epitou ranfòse pozisyon Ikrèn nan negosyasyon yo avèk Larisi.

XS
SM
MD
LG