Accessibility links

Breaking News

LaRisi pran Kontwòl Omwens Mwatye nan vil Sieviero-Donetsk nan Lès Ikrèn


Military vehicles are see moving along a road, amid Russia's invasion of Ukraine, in the Donetsk region
Military vehicles are see moving along a road, amid Russia's invasion of Ukraine, in the Donetsk region

LaRisi pran kontwòl omwen mwatye nan vil Sieviero-Donetsk nan lès Ikrèn, ki enpòtan anpil nan kad efò Moskou ap fè pou pran rejyon endistriyèl Donbas, dapre sa majistra vil la ak yon gouvènè rejyonal Ikrèn rekonèt madi.

Gouvènè rejyon Luhansk, Serhiy Gaidai, fè konnen ke apre kèk jou gwo batay ant twoup ris yo ak fòs Ikrèn, fòs Moskou yo pran kontwòl pifò nan vil la men ke yo pa ansèkle li.

Li deklare nan yon mesaj sou entènèt ke gwo bonbadman LaRisi te rann li enposib pou yo livre pwovizyon imanitè ni evakye 13,000 moun ki toujou abite nan vil devaste a ki te gen yon popilasyon 100,000 moun.

Pandanstan, chef politik afè etranjè Inyon Ewòp la Josep Borell deklare madi ke yon anbago Inyon an sou pifò enpòtasyon petwòl ris pwal vle di LaRisi ap gen "mwens resous, mwens resous finansye pou nouri machin lagè li a."

XS
SM
MD
LG