Accessibility links

Breaking News

Apre yon Antant sou Petwòl, Inyon Ewòp la Ap Konsantre L sou Defans ak Èd pou Ikrèn


A model of the natural gas pipeline is seen in front of displayed word EU and Russia flag colours in this illustration taken March 8, 2022.
A model of the natural gas pipeline is seen in front of displayed word EU and Russia flag colours in this illustration taken March 8, 2022.

Pari, Frans - Lidè Inyon Ewòp la ap mete fen madi nan yon somè 2 jou avèk deba y ap fè sou enèji, defans ak sekirite alimantè; se 3 kesyon-kle pou yo avèk lagè a nan Ikrèn. Lidè yo ap abòde dosye sa yo apre yo te rive jwenn yon gwo kokenn antant sou petwòl ris la. Lewòp deside tou voye 10 milya dola èd bay Ikrèn –yon asistans peyi sa a tèlman bezwen.

Kounyela a, balon an nan kan anbasadè Inyon Ewòp yo ki gen pou travay sou detay dènye pakè sanksyon Lewòp pran kont Larisi a, ki se an menm tan sanksyon ki pi sevè yo. A kou tèm, sa pral koupe ¾ (twa ka) enpòtasyon gaz ris ann Ewòp (swa gaz ki pase sou lanmè) avèk 90% enpòtasyon yo anvan fen ane sa a, apre Lalmay ak Lapolòy fin dakò pou yo elimine pwogresivman enpòtasyon gaz ki pase pa tiyo petwòl.

Ursula von der Leyen, chèf Komisyon Ewòp la, deklare nan okazyon an:

“Se yon pa ann avan enpòtan. Sa ki rete a se sèlman 10%. Anvan lontan, nou pral retounen pou n fè deba sou 10% gaz ki rete a e ki pase pa gwo tiyo petwòl yo.”

Pou le moman, anbago sou petwòl ris la egzante La Ongri, Slovaki ak Repiblik Tchèk ki konte anpil sou eneji ris la pou yo gen gaz lakay yo. Dènye seri sanksyon yo te rete bloke pandan plizyè semèn akoz opozisyon lidè ongwa a, Viktor Orban, ke anpil obsèvetè nan Inyon Ewòp la konsidere kòm yon alye pwòch Vladimir Putin

XS
SM
MD
LG