Accessibility links

Breaking News

Lafrik Gen Kè Sote Sou Konsekans Sanksyon Ewopeyen yo


FILE PHOTO: EU/AU summit in Brussels
FILE PHOTO: EU/AU summit in Brussels

Prezidan Inyon Afriken an, Macky Sall, eksprime enkyetid li Madi sou konsekans sanksyon Ewopeyen yo genyen kote yo deside ekskli bank Ris yo nan sistèm entènasyonal Swift la.

Nan kad yon seri sanksyon kont Moskou, Inyon Ewopeyen an te deside lannwit lan soti Lendi rive Madi pou anpeche bank prensipal Ris la, Sberbank, gen aksè a sistèm Swift la, yon platfòm byen sekirize ki pèmèt operasyon finansye enpòtan tankou transfè lajan.

Macky Sall te di devan tout 27 lidè. -nan reyinyon somè a nan Brussels "Lè sistèm Swift la deranje, sa vle di malgre pwodwi yo disponib pou (achte), fason pou fè peman an vin konplike. Mwen ta renmen nou jwenn yon solisyon ki pi apwopriye. "

Nan yon mesaj videokonferans, prezidan Senegal la mande tou Chèf Deta ak Gouvènman yo pou yo fè tout sa yo konnen tou "pou ede libere stock sereyal ki disponib e ki bloke nan peyi Ikrèn" akòz operasyon espesyal Ris yo ap mennen sou pò a nan Odessa.

XS
SM
MD
LG