Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy: Larisi Lanse Kareman yon Politik Eliminasyon Total kont Ikrenyen yo


Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy displayed on a screen as he addresses the audience from Kyiv on a screen during the World Economic Forum in Davos, Switzerland, May 23, 2022.
Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy displayed on a screen as he addresses the audience from Kyiv on a screen during the World Economic Forum in Davos, Switzerland, May 23, 2022.

Nan mesaj Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, mete chak jou devan pèp li a, li fè konnen Larisi ap pratike yon politik eliminasyon total klè kont Ikrenyen yo; men evolisyon kastastwofik sitiyasyon an nan Ikrèn ta byen kapab evite “si sila yo ki gen fòs nan lemond pa t ap jwe ak Larisi, men pito fè presyon vrèman pou lagè a pran fen.”

Zelenskyy deklare Larisi “resevwa anviwon yon milyon ewo pa jou nan men Ewopeyen yo pou pwovizyonn enèji,” pandan ke manm “Inyon Ewop la ap pran tan pou yo antann yo sou yon 6 èm seri sanksyon kont Larisi.” Li ajoute:

“Sepandan, Ikrèn pral toujou rete yon eta endepandan e anyen pa p ka brize lespri li.” Sèl kesyon ki rete a, se kesyon pou konnen ki pri pèp nou an pral genyen pou l peye pou libète li” epi ki pri Larisi pral gen pou l peye “pou lagè san rezon li lanse kont nou an.”

XS
SM
MD
LG