Accessibility links

Breaking News

Majistra Kyèv la di “Ikrèn se Kle Libète nan Lemond”


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Majistra kominal Kyèv la, Vitaly Klitschko, ki konsidere Ikrèn kòm “kle pou libète nan lemond”, lanse yon apèl prese jedi pou l mande sipò pou peyi li fas ak sa li rele “lagè san sans” Larisi ap fè ak Ikrèn nan.

Pandan Klitschko te pran lapawòl nan Fowòm Ekonomik Mondyal la nan Davos, peyi Laswis, li deklare Ikrèn se yon peyi pasifik ki pa komèt agresyon kont pesonn, epi Ikrenyen yo “vle fè pati fanmi ewopeyèn nan“ avèk yon priyorite sou dwamoun, libète laprès avèk “yon vi ki repoze sou prensip demokratik yo.”

Li ajoute gouvènman ris la vle rebati Linyon Sovyetik e li pa p rete la si li sezi Ikrèn. Li fè konnen: “Se pa fanmi nou ak pitit nou sèlman n ap defann; men n ap defann nou zòt tou, paske nou genyen menm prensip.” Li fini pa di Larisi prale osi lwen ke yo pèmèt li ale.

Chanselye alman an, Olaf Scholz, ki te pran lapawòl tou jedi, deklare Prezidan ris la, Vladimir Putin, “pa dwe ranpòte yon lagè ke li te lanse e mwen gen konviksyon li pa p genyen lagè sa a.”

Scholz ajoute gen gwo chans pou Putin aksepte negosye avèk Ikrèn si li rekonèt ke Larisi pa kapab genyen lagè a, e sa fè sipò loksidan pou Ikrèn vin enpòtan anpil-anpil.

XS
SM
MD
LG