Accessibility links

Breaking News

Putin Trase Yon Wout Rapid Pou Moun Tounen Sitwayen Ris nan 2 Rejyon nan Ikrèn


Russian President Vladimir Putin chairs a meeting of the State Council Presidium in Moscow
Russian President Vladimir Putin chairs a meeting of the State Council Presidium in Moscow

Prezidan Vladimir Putin trase ayè Mèkredi a yon wout rapid pou moun tounen sitwayen ris nan 2 rejyon nan Ikrèn, sa ki pouse Kyèv pwoteste kont sa li kalifye kòm vyolasyon kont souvènte li.

Putin siyen yon dekrè ki afekte rezidan nan rejyon Kherson, ki anba kontwòl twoup ris yo, ak rejyon Zaporizhzhia nan sidès peyi a ki an pati, anba kontwòl Moskou.

Moskou ak otorite ki anfavè Moskou fè konnen 2 rejyon sa yo ka tounen yon pati nan LaRisi.

"Sistèm senplifye a pwal pèmèt nou tout wè klèman ke LaRisi pa isit la sèlman pou yon ti bout tan, men pou tout tan," se konsa asistan-lidè rejyon Kherson, Kirill Stremousov, ke Moskou te nonmen, te pale ak ajans nouvèl leta LaRisi, RIA Novosti.

Stremousov ajoute, "Nou gen anpil rekonesans pou Prezidan ris Vladimir Putin pou sa l ap fè pou nou, poutèt li pwoteje pèp ris la nan tè ki te pou LaRisi istorikman, e ki jwenn liberasyon yo."

Nan Washington, pòtpawòl Depatman Deta Ned Price leve vwa li pou di, "Sa se yon bagay nou ta rejte ak fòs."

XS
SM
MD
LG