Accessibility links

Breaking News

Burkina: 50 Sivil Mouri nan Yon Atak Ki Sanble Jihadist


BFASO-SECURITY-PROTEST-burkina faso
BFASO-SECURITY-PROTEST-burkina faso

Anviwon 50 sivil pèdi lavi yo nan yon atak ke yo te sispèk ke jihadist te komèt ayè mèkredi a nan lès peyi Burkina Faso, dapre deklarasyon gouvènè rejyon an Kolonèl Hubert Yameogo te di Jedi.

Rezidan Madjoari ki tap eseye kouri kite yon lokalite kote jihadis yo te tabli kò yo, te vin tounen sib. Endividi ke yo pa rive idantifye avek zam lou te sible sitwayen rejyon sa. "Chif pwovizwa a" rapòte "ke se apeprè 50 moun mouri" dapre sa Kolonèl la te di AFP.

Menm jan ak lòt minisipalite nan nò ak lès Burkina, jihadist yo te pran kontwol Madjoari.

Abitan yo tap eseye kouri kite rejyon depi semèn pase a, plizyè nan yo te di AFP.

Gouvènè rejyon an di yap travay pou lapè toune n nan rejyon lès la, e li pwomèt sekirite.

XS
SM
MD
LG