Accessibility links

Breaking News

Etazini: Administrasyon an P ap Chache "Separe" ak LaChin


U.S. Secretary of State Blinken meets with U.S. Mission to United Nations personnel
U.S. Secretary of State Blinken meets with U.S. Mission to United Nations personnel

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken, nan yon gwo diskou sou politik vizavi LaChin, jodi jedi a, prezante plan estrateji administrasyon Biden nan pou dizèn lane k ap vini an pou l pase devan LaChin nan konpetisyon, nan envesti nan enfrastrikti ki enpòtan anpil e nan travay ak alye li yo pou ranfòse sekirite nan chenn distribisyon machandiz, pandan y ap anpeche kriz pete san se pa entansyon yo.

Administrasyon an p ap chache "separe" ak LaChin, dapre kèk otorite wo-plase. Separe a vle di koupe pezape koneksyon ekonomik ak komèsyal ant Etazini ak LaChin, e pawòl sa te pale plizyè fwa sou administrasyon ansyen Prezidan Donald Trump.

"Sekretè Deta a pwal moutre klè ke Etazini p ap chache dekonekte LaChin ak ekonomi nou an oubyen ak ekonomi mondyal la," se sa yon gwo zotobre nan administrasyon an te di nan yon apèl telefòn ki te pare teren pou diskou Blinken sou LaChin nan.

Yon lòt gwo chabrak di, "Nou sètènman byen akeyi komès ak envestisman ant Etazini ak LaChin depi yo fèt klè, depi yo onèt e gen sekirite."

XS
SM
MD
LG