Accessibility links

Breaking News

Aktyalizasyon: Texas 19 Elèv Lekòl Mouri nan yon Fiziyad


Lapolis ak manm gwoup Sant Medikal Lame Brooke la ki sevi ak chyen pou fe terapi, rasanble devan sant sivik vil Uvalde a nan eta Texas, Mekredi 25 Me, 2022.
Lapolis ak manm gwoup Sant Medikal Lame Brooke la ki sevi ak chyen pou fe terapi, rasanble devan sant sivik vil Uvalde a nan eta Texas, Mekredi 25 Me, 2022.

19 timoun ak yon pwofesè pèdi lavi yo nan yon tire ki fèt nan yon lekòl primè madi, dapre sa gouvènè a di, e nèg ak zam ki te komèt zak la, ki gen 18 an, pèdi lavi l tou.

Gouvènè Texas Greg Abbott fè konnen yon jenn gason ki rete nan zòn nan te louvri kout zam nan Lekòl Primè Robb nan bouk Uvalde, nan distans 137 kilomèt alwès vil San Antonio.

Gouvènè a di 2 ajan lapolis blese ak bal men yo ka siviv. Li idantifye asayan an kòm Salvador Ramos ki komèt zak la ak yon zam otomatik AK-15, pandan y-ap jije yon jenn gason ki te fè yon masak nan yon lekòl nan Coral Spring Florida ak yon zam menm kalib la an 2017.

15 Moun Mouri nan yon Fiziyad ki Vize yon Lekol Primè nan Texas
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:46 0:00

Sekretè laprès Mezon Blanch Karine Jean-Pierre fè konnen Prezidan Joe Biden te resevwa enfòmasyon sou tire nan lekòl la, pandan yo te abò avyon Air Force One.

Lè Biden te tounen nan Mezon Blanch yè swa, li di li lè pou transfòme doulè sa a pou fè l tounen aksyon, Kidonk li ekzòte Kongrè a pou l pase lwa ki mete kontwòl sou zam nan peyi a.

XS
SM
MD
LG