Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye Minis Ostrali a Prete Sèman


General election in Australia
General election in Australia

Nouvo premye minis Ostrali a, prete sèman lendi anvan li pran avyon pou Japon kote li tal fè chita tande avek prezidan Etazini Joe Biden e ak lot lidè mondyal yo.

Lidè Pati travayis la Anthony Albanese te ranpòte eleksyon jeneral yo samdi - sa ki mete fen nan yon dizèn lane gouvènman Konsevatè a.

Gouvènman ap fè fas a kèk defi politik etranje enpotan pami yo relasyon chaje ak konfli ni avek la Chin .

Nouvo premye minis la di relasyon bilateral avek Peken yo difisil, yo te difisil nan ane ki pase yo sou divès mezantant geopolitik diferan.

Sa pa gen lontan, Peken te siyen yon pak sekirite avek zile Salomon yo yon alye tradisyonèl Ostrali jiskaprezan nan Pasifik la. Sa te provoke krent ke la Chin ka pran plis extansyon nan rejyon an.

Analis yo atann aske nouvo gouvenman Albanese la pral santre sou efò diplomatic yo nan Sudès Azi pou ankouraje alyans pou kontrekare konfyans la Chin gen nan tèt li.

Albanese pral patisipe nan somè Quad la madi 24 me a nan Tokyo avek prezidan Joe Biden e ak lidè End ak Japon.

XS
SM
MD
LG