Accessibility links

Breaking News

20 Peyi Ap Voye Nouvo Asistans Sekirite pou Ikrèn


Foto Achiv: Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Pantagon nan.
Foto Achiv: Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin pran la pawol pandan yon konferans pou lapres nan Pantagon nan.

Apeprè 20 peyi ap voye nouvo asistans sekirite pou Ikrèn, dapre Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin, ki sot patisipe nan yon 2èm reyinyon Gwoup Kontak pou Defans Ikrèn.

"Plizyè peyi ap bay minisyon Ikrèn bezwen anpil, sistèm defans pou kot yo, tank ak lòt machin blende. Gen lòt ki ofri nouvo angajman pou antrene fòs Ikrèn yo e soutni sistèm militè peyi a," se sa Austin di jounalis yo nan Pentagòn nan ayè lendi a.

Reyinyon lendi-a te gen 47 nasyon ki te patisipe sou entènèt, dapre chef deta majò Jeneral Mark Milley, militè pi wo grade ameriken. Otrich, Kolonbi ak Irland te pami nouvo patisipan yo.

Pwochen reyinyon Gwoup Kontak pou Defans Ikrèn nan pwal fèt 15 Jen nan vil Brisèl an Bèjik

XS
SM
MD
LG