Accessibility links

Breaking News

Biden: Larisi Dwe Peye Chè pou Envasyon Ikrèn nan


Japanese PM Kishida meets U.S. President Biden, in Tokyo
Japanese PM Kishida meets U.S. President Biden, in Tokyo

Prezidan Joe Biden fè konnen lendi Pezidan ris la, Vladimir Putin, “dwe peye trè chè pou zak sovaj li koze nan Ikrèn yo.”

Pandan lidè ameriken an t ap pale pandan yon vizit nan Japon, li site enpòtans nesesite pou dirijan mondyal yo voye bay Larisi yon mesaj sou sanksyon ki pral pini li pandan lontan. Biden deklare:

“Si, an fèt, apre tout sa li (Putin) fin fè a, ta gen yon rapwochman ant Ikrenyen ak Ris, epi si sanksyon yo pa kontinye bay rezilta kòmsadwa, alòs, ki mesaj sa ta voye bay Lachin si li eseye pran Taywann pa lafòs?”

Nan menm jounen lendi a, Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelaenskyy, lanse apèl pou l mande sere boulon sanksyon yo nan yon mesaj kote li di delege ki nan Fowom Ekonomik Mondyal la ta dwe gen yon anbago sou petwòl ris, blokis sou bank ris yo epi yon sispansyon tout tip komès ak Larisi.

Kèk èdtan anvan sa, prensipal negosyatè ikrenyen pou Larisi a, Mykhailo Podolyak --yon pwòch kolaborate Prezidan Zelenskyy-- te fè lepwen sou le fèt ke Lewòp kontinye enpòte petwòl nan men Larisi, yon komès ki pèmèt Moskou antre yon milya dola pa jou. Podolyak di:

“Larisi kontinye touye timoun, vyole fanm epi detrui vil. Ikrèn kontinye defann fwontyè ewopeyen yo ak sivilizasyon demokratik yo. N a tire konklizyon an.”

XS
SM
MD
LG