Accessibility links

Breaking News

Prezidan Polonè a: Se Ikrèn Sèlman Ki Pou Pran Desizyon sou Avni Li


Poland's President Duda attends session of Ukrainian parliament in Kyiv
Poland's President Duda attends session of Ukrainian parliament in Kyiv

Prezidan polonè a, Andrzej Duda, ki te pran lapawòl devan palman peyi li dimanch, repouse lide pou Ikrèn ta sede kèk pati nan tèritwa li bay Larisi kòm kondisyon pou mete fen nan envazyon Moskou te lanse sa gen 3 mwa.

Duda deklare devan manm palman an:

“Kèk moun ki enkyete leve vwa yo pou di Ikrèn ta dwe bese ba devan egzijans Putin yo. Se Ikrèn selman ki gen dwa pran desizyon sou avni li… sa pa gade nou, se pa koze nou.”

E palmante yo te mete yo debou pou yo bat bravo. Duba, premye lidè etranje ki fè yon diskou an dirèk devan palman li depi Larisi te anvayi Ikrèn 24 fevriye pase a, fè konnen kominote entènasyonal la dwe egzije Moskou wete tout twoup militè l yo sou tèritwa ikrenyen an.

Lide polonè a fini pa di li “pa p repoze li toutotan Ikrèn pa tounen yon manm Inyon Ewòp la.” Lapolòy aksepte lakay li plis pase 2 milyon refijye ikrenyen k ap kouri pou lagè a nan peyi yo.

XS
SM
MD
LG