Accessibility links

Breaking News

Chèf USAID a Pale de Efò pou Fè FAs ak Aksyon Larisi, ak Lachin


Samantha Power, Administrator of the United States Agency for International Development (USAID), speaks at a hotel in Sudan's capital Khartoum on August 3, 2021. (Photo by ASHRAF SHAZLY / AFP)
Samantha Power, Administrator of the United States Agency for International Development (USAID), speaks at a hotel in Sudan's capital Khartoum on August 3, 2021. (Photo by ASHRAF SHAZLY / AFP)

Administratris Ajans Amerikèn pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Samantha Power, te konparèt madi devan Kongrè a kote li pwojte limyè sou yon seri de domèn ki bay kèsote; pami yo gen konsekans envazyon Larisi a nan Ikrèn sou moun konfli a deplase yo, move efè li sou resous enèji nan lemond ak mache manje yo, sou pandemi KOVID-19 la ak konsekans li sou chanjman klimatik yo.

Pandan Power t ap fè depozisyon l devan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas la, li deklare:

“Lemond vin mwen lib e mwen pasifik jodi a ke nan nenpòt ki lòt epòk depi Lagè Frèt la. Peyi ki lib yo nan lemond kapab travay ansanm avèk sektè prive a e ak enstitisyon miltilateral yo pou fè plis plas pou lapè, pwosperite ak diyite moun pou plizyè milya lòt kretyen vivan.”

Lè komisyon an mande kijan USAID kapab ede peyi ki anba enfliyans Lachin yo redui depandans sa a, Power di anpil nan peyi sa yo pa ka tann pou yo “jwenn resous ki pa mare yo avèk plizyè dizèndane dèt” pandan y ap asire yo ke pwojè enfrastrikti yo pa domaje anviwonnman an pandan y ap akselere yon tranzisyon ki mennen nan itilizasyon enèji pwòp.

XS
SM
MD
LG