Accessibility links

Breaking News

Fenland ak Laswèd Soumèt Aplikasyon Ofisyèlman pou Yo Antre nan L OTAN


Finland Sweden NATO
Finland Sweden NATO

Peyi Fenland ak Laswèd aplike ofisyèlman pou yo antre nan Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (L OTAN) kòm reyaksyon apre envazyon Larisi nan Ikrèn nan.

Sekretè Jeneral l OTAN an, Jens Stoltenberg, fè anons la mèkredi nan katye jeneral alyans la nan Briksèl kote li te genyen bò kote li anbasadè 2 peyi yo apre li te fin resevwa lèt ki gen 2 aplikasyon ofisyèl yo. Stoltenberg deklare:

“Se yon bon jou nan yon bon jan moman pou sekirite nou. Tout alye yo dakò pou yo rekonèt enpòtans elajisman L OTAN an. Nou tout dakò ke nou dwe rete ini, menmjan nou tout dako pou n rekonèt se yon moman istorik ke nou dwe sezi. “

Menm anvan Jens Stoltenberg te fè anons la, palman fenlandè a te vote mèkredi avèk yon gwo kokenn majorite (188 pou - 8 kont) pou peyi a antre nan L OTAN.

XS
SM
MD
LG