Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranjè La Turki Gen pou l Rankontre Sekretè Deta Blinken


U.S. Secretary of State Antony Blinken and Turkish Foreign Minister Mevlut Cavusoglu meet at the Informal Meeting of NATO Ministers of Foreign Affair in Berlin, Germany, Sunday May 15, 2022.
U.S. Secretary of State Antony Blinken and Turkish Foreign Minister Mevlut Cavusoglu meet at the Informal Meeting of NATO Ministers of Foreign Affair in Berlin, Germany, Sunday May 15, 2022.

Minis Afè Etranjè peyi Turki Mevlut Cavusoglu gen pou l rankontre jodi mèkredi a nan Washington ak Sekretè Deta Anthony Blinken - dènye etap nan efò pou repare relasyon ant 2 alye l-OTAN yo. Diplomat turk la pwal gen kesyon difisil pou l reponn ki konsène efò Turki pou l poze veto sou kandidati Finland ak Swèd pou yo pa antre nan alyans la.

Yon ansyen alye pwòch Washington, Ankara wè pwoblèm nan relasyon yo sou baz move dosye dwa moun e akoz Prezidan Turki Recep Tayyip Erdogan gen relasyon sere ak tokay ris li Vladimir Putin.

Apwi solid Turki bay Ikrèn fas ak envazyon LaRisi a prezante yon opòtinite pou refè relasyon Etazini ak Washington.

Men Asli Aydintasbas, yon ansyen analis nan Konsèy Ewòp la, avèti ke menas Erdogan pou l poze veto sou kandidati Swèd ak Finland nan l-OTAN pwal kreye pwoblèm nan vizit la.

XS
SM
MD
LG