Administrasyon Biden nan ap relache yon seri restriksyon nan domèn diplomatik la ak vwayaj konsènan Kiben ki te an aplikasyon sou gouvènman presedesè l la, Donald Trump.
Depatman Deta a anonse lendi l ap leve limit aktyèl $1000,00 (mil dola) pa trimès yon Kiben kapab voye bay fanmi li k ap viv toujou sou il la; se konsa tou chanjman yo pral pèmèt Kiben yo voye lajan bay moun ki pa manm fanmi yo si se pou ede antreprenè endepandan.
Administrasyon an ap pase an revi tou yon pwogram ki ofri yon chemen pou Kiben yo reyini ak manm fanmi yo ki Ozetazini; objektif la se ofri 20 mil viza imigran pa ane. Depatman Deta a fè konnen li pral ranfòse tou jesyon ak livrezon viza nan misyon diplomatik la nan Kiba.
Yon lòt kote, administrasyon Biden nan ap ogmante kantite vòl avyon charter ant Lèzetazini ak Kiba pou yo ka ale nan lòt vil ke kapital la, La Avàn. Vwayaj sa yo konsènen gwoup edikatif yo, rankont pwofesyonèl yo ak gwoup rechèch yo.