Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Evakye Plis Pase 260 Konbatan li Soti nan Izin Asye Azovstal la


Service members of Ukrainian forces who left the besieged Azovstal steel plant are seen inside a bus in Mariupol
Service members of Ukrainian forces who left the besieged Azovstal steel plant are seen inside a bus in Mariupol

Ikrèn evakye plis pase 260 konbatan li nan izin asye Azovstal, ayè lendi a nan vil Mariupol ki anba syèj, dapre otorite yo.

Yo te transpòte 53 konbatan ki blese grav ale nan yon lopital nan Novoazovsk, a lès Mariupol, dapre Minis Defans Anna Malyar. Novoazovsk anba kontwòl twoup ris ak separatis ke LaRisi apiye.

Yo te transpòte 211 lòt konbatan ale nan bouk Olevnika, yon lòt zòn ki anba kontwòl separatis ke LaRisi apiye, se Malyar ki pale konsa, e li ajoute ke konbatan yo evakye yo pwal nan yon boukantay prizonye ak LaRisi.

Malyar fè konnen tou gen efò k ap fèt pou sove konbatan ki rete andedan izin nan, ki se dènye pòch rezistans nan vil Mariupol nan sid peyi a, yon vil ki anba dekonb.

Lendi tou, Ikrèn di fòs li yo te repouse twoup ris nan rejyon Kharkiv nan yon repons ki ta pèmèt Ikrenyen rive toupre fwontyè LaRisi.

XS
SM
MD
LG