Accessibility links

Breaking News

Ikrèn di Lame li Fè Gwo Pwogrè nan Kharkiv


Oleksy Polyakov a dwat ak Roman Voitko tcheke debri yon elikopte Ris ki detwi nan vilaj Malaya Rohan nan rejyon Kharkiv, Ikren, Lendi 16 Me 2022.
Oleksy Polyakov a dwat ak Roman Voitko tcheke debri yon elikopte Ris ki detwi nan vilaj Malaya Rohan nan rejyon Kharkiv, Ikren, Lendi 16 Me 2022.

Ikren fè konnen lendi fòs militè l yo repouse sòlda ris ki te nan rejyon Kharkiv yo gras ak yon kontratak ki pèmèt ikrenyen yo rive jous bò fwontyè ris la.

Ministè defans ikrenyen an poste sou entènèt la yon video ki montre sa ki sanble ak twoup militè yo ki sou fwontyè a, avèk yon sòlda k ap di Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy: “Men nou. Se nou ki la a.”

Yon otorite wo plase nan Pentagòn nan fè konnen sòlda ikrenyen yo twouve yo sou yon distans 3 a 4 kilomèt ak fwontyè Larisi a.

Aprè sòlda ikrenyen yo fin repouse fòs militè ris yo nan Kharkiv, 2èm vil nan Ikrèn, yo repran anpil tèritwa nan rejyon an e yo eseye kouri dèyè sòlda ris ki nan zòn Izyum pandan lennmi santre atansyon li sou pwovens Donbas la.

Yon pwòch kolaboratè Prezidan Zelenskyy, Myhkhailo Posolyak, deklare:

“Rèv Kremlen an se mete men sou Kyèv, Kharkiv ak Odesa, oubyen omwens rejyon Donestk ak Luhansk. Jounen jodi a militè ris yo konsantre yo sou rejyon Luhansk la paske yo manke solda. N ap kontinye trete yo pou yon maladi ki rele megalomani enperyal e n ap fè Moskou fè fas ak reyalite a.”

XS
SM
MD
LG