Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Nouvo Plan Kowoperasyon Maritim ak Peyi Manm ANASE a


Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.
Foto Achiv: Katye Jeneral Depatman D'Eta Ameriken an nan Washington.

Depatman Deta — Lèzetazini anonse kèk nouvo plan pou l elaji kad kowoperasyon li ak manm Asosyasyon Nasyon Azi Sid-Ès yo (ANASE) nan moman manm asosyasyon an te reyini nan Washington pou yon somè espesyal yo konsidere kòm yon demonstrasyon solidarite an fas Lachin.

Kèk manm ANASE (Bruney, Malezi, Filipin ak Vyetnam) reklame kèk zòn nan Lanmè Sid Chin nan kòm yon pati nan tèritwa yo. Depi plizyè dizèn dane deja, Lachin pretann tout lanmè a se pwopriyete prive li e li plase sòlda sou zile ki nan zòn nan.

Administrasyon Prezidan Joe Biden nan ap dekese 60 milyon dola pou reyalizasyon kèk pwogram rejyonal; pami yo gen transfè bato nan peyi ki nan Azi di Sid yo, ranfòsman kapasite peyi ki sou kòt pasifik la aplike lwa maritim yo epi fè fas ak pèch ilegal k ap fèt an kachèt san respè pou règleman yo.

XS
SM
MD
LG