Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Repouse Yon Gwoup Atakan Ris nan Moman Pwosè yon Sòlda pou Krim de Gè Kòmanse nan Kyèv


Russian army Sergeant Vadim Shishimarin, is seen behind a glass during a court hearing in Kyiv, Ukraine, May 13, 2022.
Russian army Sergeant Vadim Shishimarin, is seen behind a glass during a court hearing in Kyiv, Ukraine, May 13, 2022.

Fos militè Ikrèn yo repouse sòlda ris ki t ap eseye travèse yon gwo flèv estratejik nan rejyon Donbas la, nan pati lès peyi a, nan moman lagè a antre nan 79èm jounen li, dapre sèvis sekrè britanik la.

Video lame Ikrèn nan pibliye montre machin militè ris ki boule ak yon pon ki detrui sou Flèv Siversky, sou teritwa Doniest; sanble se rezilta konfwontasyon ki te dewoule pi bonè nan semèn nan.

Pandan konba yo ap kontinye, yon sòlda ris ki gen 21 lane konparèt vandredi devan yon tribinal nan Kyèv nan kad premye pwosè pou krim de gè k ap fèt depi lagè a te kòmanse. Non prevni an se Vadim Shishimarin ki gen pou l reponn akizasyon dèske li te touye anba bal yon nonm san zam 28 fevriye pase a pandan viktim nan te sou yon bisiklèt.

XS
SM
MD
LG