Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Finland Lan Fè Konnen Peyi li Ta Dwe Aplike Imedyatman Pou l Antre nan l-OTAN


Finland PM Sanna Marin and Japan PM Fumio Kishida at a joint press announcement, in Tokyo
Finland PM Sanna Marin and Japan PM Fumio Kishida at a joint press announcement, in Tokyo

Depi plizyè dizèn lane, Finland ak LaRisi te gen relasyon pasifik antre yo, ki te baze sou politik Finland apre 2èm Gè Mondyal la kote li te neut e pa te aliye ak okenn blòk politik. Men fwontyè natirèl senp sa a kote se yon flèv ki separe 2 peyi vwazen yo, ka tounen yon fwontyè ant lès ak lwès: yon liy separasyon jeo-politik.

Gouvènman Finland lan fè konnen ayè jedi a peyi li ta dwe aplike imedyatman pou l antre nan l-OTAN kòm repons pou envazyon LaRisi nan Ikrèn nan, yon bagay ki ka pran kèk semèn. Palman Finland lan gen pou vote sou kesyon an nan jou k ap vini yo anvan aplikasyon an fèt ofisyèlman pou li tounen manm l-OTAN, e li ka fè yon aplikasyon an komen ak Swèd.

Finland ta kreye liy fwontyè ki pi long ant l-OTAN ak Larisi. Moskou menase pou fè sa li rele yon "repons militè teknik" si Finland antre nan alyans la.

XS
SM
MD
LG