Accessibility links

Breaking News

LaRisi Lanse Atak Misil Sou Pò Odesa


Russia's invasion of Ukraine
Russia's invasion of Ukraine

LaRisi lanse atak misil madi sou pò Odesa ki bò lanmè Nwa a, dapre otorite yo, pandan Moskou t ap chache deranje ekspedisyon zam ak liy transpò pwovizyon yo ki enpòtan anpil pou Ikrèn, nan 11èm semèn lagè a.

Lame Ikrèn nan fè konnen LaRisi tire 7 misil sou kèk pozisyon nan Odesa, kote li frape yon sant dacha ak yon depo, e touye pou pi piti yon moun e blese 5 lòt.

Majistra Gennady Trukhanov te vizite depo a nan douvanjou a e te di li "pa gen okenn rapò ak enfrastrikti militè oubyen ekipman militè."

Ikrèn fè konnen kèk nan minisyon ke Ris yo te tire sou Odesa a, yo la depi epòk sovyetik la, kidonk pa gen konfyans ke yo ka vize ak presizyon. Men yon gwoup pansè nan Ikrèn k ap swiv gè a, Sant pou Estrateji Defans, fè konnen Moskou te sèvi ak zam ki gen presizyon kont

Odesa: ki se Kinzhal, oubyen "Dagger," misil hipèsonik èr-sòl.

Sepandan Sekretè laprès Pentagòn John Kirby di jounalis yo li pa gen okenn prèv ke te gen misil hipèsonik ki tire nan Odesa.

XS
SM
MD
LG