Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Ensekirite: Fèmti 2 Lopital nan Kapital la


HAITI-WEATHER-HURRICANE MATTHEW-AFTERMATH
HAITI-WEATHER-HURRICANE MATTHEW-AFTERMATH

2 lopital nan Pòtoprens deside kampe tout aktivite "jiska nouvèl òd " apre enkoni te kidnapem jedi 6 me a, yon pedyat ki t ap travay nan youn nan lopital yo.

Yon nòt piblik ki pote non Richard Fréchette, prezidan "Fondation Nos Petits Frères et Soeurs", k ap travay ann Ayiti depi plis pase 30 an, fè konnen: "San prezans pèsonèl lasante yo, ki toujou ap viktim akoz pwoblèm ensekirite a, ki pa ka rive nan sant sante san danje, nou pa p kapab kontinye bay swen".

Barikad te monte, kawotchou t ap boule pandan jounen lendi a toupre biwo DGI a nan Pòtoprens; yon siy ki montre kòlè anplwaye fondasyon an ak rezidan yo, aprè bandi te kidnape pedyat la toupre lakay li dimanch.

Kantite kidnapin yo ak zak vyolans yo kontinye ogmante, e gang yo kontinye aktivite yo nan plizyè katye o nò kapital la, sa ki oblije plis pase 9 mil moun pati kite kay yo.

XS
SM
MD
LG