Accessibility links

Breaking News

Lapolis Dominikèn Arete Elionot Bailice, yon Swadizan Manm Gwoup Gang 400 Mawozo


Elionot Bacilice
Elionot Bacilice

Lapolis Repiblik dominiken nan Pedernales, sidwès peyi a, arete Elionot Bailice, alyas "Je Wouj", samdi 30 avril 2022, pandan l t ap eseye kite Peyi d Ayiti.

Chèf de lòd yo nan Panyòl mete Bailice, ki gen 19 van, anba kòd akòz yon avi rechèch Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) te lanse dèyè l.

Otorite ayisyen yo te lanse yon alèt wouj dèyè Elionnot Bailice sou kizasyon deske li se manm Gang 400 Mawozo. Responsab dominiken yo remèt prevni an bay tokay ayisyen yo nan Anse-à-Pitres, nan sidès Ayiti, nan mitan jounen vandredi 6 me 2022 a.

Direksyon Depatmantal Polis Sidès la ap travay pou l transfere Elionot Bailice pi vit posib nan Komisarya Jakmèl la.

XS
SM
MD
LG