Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, Gang Kidnape 12 Moun, Pami Yo Gen 8 Sitwayen Tik


Sur cette photo d'archive prise le 24 octobre 2021, des paroissiens assistent à la messe dominicale à l'église Saint-Pierre de Port-au-Prince, en Haïti.
Sur cette photo d'archive prise le 24 octobre 2021, des paroissiens assistent à la messe dominicale à l'église Saint-Pierre de Port-au-Prince, en Haïti.

Dimanch 9 me a, toupre Pòtoprens, kapital ayisyèn nan, gang a zam kidnape 12 moun, pami yo gen 8 sitwayen tik.

Dapre Michaelle Durandis, reprezantan Metro Bus, yon bis konpayi an te kite Santo Domingo, kapital Repiblike Dominikèn, a 9è di maten, pou l t ale Pòtoprens, avèk yon chofè dominiken, yon otès ayisyèn ak 10 pasaje.

Durandis fè yon entèvansyon lendi sou radyo Vision 2000 kote li di konpayi a te pèdi tout kontak ak otobis la apre yo li fin travèse fwontyè ant 2 peyi yo.

AFP pale ak Konsil Tik la ann Ayiti, Josué Hugues, ki bay plis detay sou sitwayen tik ki anba men gang lan. Li di yo kidnape yo ant Komin Croix-des-Bouquets ak Ganthier; dapre li, atakan yo se 5 gason ak 3 fanm ki genyen ant 20 e 26 an.

"Pandan anlèvman yo a, Tik yo te gen tan kontakte òganizasyon yo a" pou yo te mete yo okouran sitiyasyon an. "Y ap travay pou yon òganizasyon k ap fè promosyon edikasyon."

Yo t ap travay pou Asosyasyon Ayisyen pou Pwomosyon Edikasyon (ASHAPE) depi ane 2019.

XS
SM
MD
LG